Charles H. Bronson, Commissioner - LuAnn Stiles, Director


Byenvini nan seksyon ki sèvi kliyan yo

Si ou nan Florid, rele 1-800-HELP-FLA  (435-7352)
Si ou pa nan Florid, rele (850) 448-2221

Depatman Agrikilti ak seksyon ki okipe zafè kliyan, gen gnou latrye sèvis ak responsablite nan lèta Florid.  Seksyon silà se katye jeneral kote kliyan pote plent ak rele nan telefòn pou jwenn bon jan infomasyon ak pwoteksyon.  Depatman sa fè tout sa ki posib pou ede kliyan yo rezoud mezentent nan fason li fè yo jwenn pwòp ajans leta ki ka ede-yo pi byen.  Souple, sonje ke depatman-an pa bay konsey nan zafè la lwa.

Bi depatman ki sèvi kliyan yo se pwotege, enfòme, ankouraje  kliyan ak moun kap fè biznis anmenm tan yap travay pou fè Florid vini yon bon zòn pou fè biznis.  Akote edikasyon kliyan yo, depatman-an gen pou-l kontwole plis ke 12 indistri.  Ladan-yo genyen opòtinite pou biznis garaj, oganizasyon byenfesans, pwogram ki pa pemèt biznis rele moun nan telefon, estidyo bal, mezondafè, estidyo lasante, ajans voyay, biznis ki fè transpò ale nan lòt vil-yo, tiray bolèt, moun osinon biznis kap van machinn ki pa bon, biznis ki rele moun nan telefòn pou van sèvis ak pwodwi.  Anpil nan pwogram-yo oblije gen sekirite sou fòm kosyon, lèt kredi oswa setifika depo pou kapab pwotege kliyan-yo.  Anplis, depatman-an fè ankèt sou moun ki pa respekte lalwa-yo ke depatman-an kontwole, ladan-yo genyen biznismann kap chache twonpe moun.

Akote plent li resevwa, depatman-an vle fè ledikasyon kliyan-yo sa ki ka ede-yo fè pi bon chwa nan biznis sitou nan sa ki konsenen lajan.  Sant telefòn gratis ke nou genyen pou kliyan-yo se yon nan pi bon ki genyen nan tout peyi-a.  Nimewo telefòn sila se  1-800-HELP-FLA (1-800-435-7352).  Sant telefòn sa-a ede moun chak jou ak pwoblèm kliyan-yo enyen nan fason li bay enfomasyon aktyèl, osinon refere moun ki rele-yo bay depatman leta ki kapab ede yo komsadwa. Depatman-an reponn keksyon kliyan-yo nan sa ki konsènen bagay ki kontwole ak sa ki pa kontwole tankou mètkay ak lokatè, magazin ki vann angwo kom andetay.

Nan Florid depatman-an travay kole, kole ak komisyon sekirite nan zafè rantre machandiz ki pa bon.  Li okipe tou zafè inspeksyon ak ankèt.  Amplwaye kap fè ankèt-yo ale nan magazin-yo pou yo asire ke  magazin yo okipe pwodwit ki gen defo yo jan sa dwe fèt.

Pa bliye ke nou la pou sèvi-w, poutèt sa rele nou jodi-a.  Si ou nan Florid, rele 1-800-HELP-FLA  (435-7352).   Si ou pa nan Florid, rele (850) 448-2221.  gnou especialis nan zafè kliyan ap byen kontan pou ede-w.